SocioMATHS
Biwo rechèch ak pwofesi satirab lakay (H.A.M.C.A.)
Rejistr Pèsona ak Kalite Moun nan Lari a

Galri Pèsona yo.

Modèl ak etid estatistik sou kalite mannyè moun ak chofè yo genyen nan lari ak nan biwo yo.

Nan tèt chato

Nèg ki bloke kafou a

Espesyalis ki ka kanpe tout lari a gwo midi pou l pale de twa mo ak yon zanmi l k ap mache sou twotwa.

Ap monte

Manmzèl Pousantaj ak Etamp

Fonksyonè nan biwo leta ki ka mande w yon papye ki pa egziste 5 minit anvan yo fèmen pòt la.

Anba tè

Enjenyè Kanal Bouche

Nèg ki pè lapli k ap gade syèl la ak ankyetid men ki pa janm leve yon boutèy plastik 400 gram devan pòt li.